Chak ayisyen kit a vle vin nan peyi Repiblik Dominikèn tad we li atik sa anvan lip ran desizyon final la.. Se yon konsèy men se pa yon obligasyon


Ing. Dave Jeffrey Augustin

Not enpotan: Chak ayisyen kit a vle vin nan peyi Repiblik Dominikèn tad we li atik sa anvan lip ran desizyon final la.. Se yon konsèy men se pa yon obligasyon

Pandan anpil lane, sitwayen ayisyen yo nan kouri kite peyi a pou ale aletranje, men anpil nan yo rive kote ki pi pre yo ak pi fasil la ki se LADOMINIKANI. Anpil nan yo, rive nan peyi sa a swa paske yo te resevwa yon kontra pou vin travay nan koupe kann (bagay ki te konn fèt souvan nan peryòd 1929 yo) swa paske yo vin chache lavi miyò nan travay nan konstriksyon, nan restoran, travay ka madanm, fè komès nan lari oswa pou vin chache pen lenstriksyon an nan lekol klasik oswa nan inivesite.

Tout moun ki ap viv deyo peyi a konnen lakay pi bon epi mo sa a LAKAY SE LAKAY toujou nan bouch yo, men chak fwa pou yo deside antre lakay yo, gwo deblozaj mare komkwa neg ki anba a yo pa janm vle sak deyo yo antre pou yo pa vin retire manje nan bouch yo.Nan denye jou sa a yo, anpil depotasyon ap fet nan tout peyi pou voye ayisyen tounen lakay yo epi la a nan LADOMINIKANI, bagay yo pi red.NAN KA DOMINIKEN KI GEN PARAN AYISYEN YOAltaKounye a,  dominiken ki te fèt depi nan lane 1929 pou jounen jodi a sou prensip IUS SOLIS la ki te gen paran ayisyen , pa ka jwi nasyonalite yo antanke dominikenn paske lalwa retirel nan men yo akoz de yon desizyon ki te pran nan TC jou ki te 23 septanm 2013. Akoz de desizyon sa a, plis pase 300 mil dominiken ki te gen paran yo ayisyen depi 4 jenerasyon pap ka fe anyen ak non li te genyen an paske li pa pou anko legalman. Kidonk, tout vi moun sa a yo, tout etid, tout karyè yo, tout lajan yo gen nan bank pa pral itil yo anyen ankò. Kidonk, daprè leta dominiken an, moun sa a yo ta dwe rantre al viv Ayiti.

NAN KA TRAVAYÈ KONSTRIKSYON YO MENM AK LÒT YO

Pou plis anko, imigrasyon dominiken fè revoke depi se ayisyen ki tap travay swa nan konstriksyon, swa nan rezidans familyal yo, swa nan maket, swa nan otèl, nan restoran ak elatriye paske li oblije pou tout ayisyen kap travay genyen yon rezidans ki koute plis pase 30.000 pesos (US$ 800 anviwon) epi pou yo pase plis pase 5 mwa  pa janm baw li Osinon yon pèmi travay ki mansyone nan plan regilarizasyon imigran an yo men ki pa janm komanse menm. Yo mache nan lari pou pran tout ayisyen ki nan lari kap vann epi sila yo tou ki pa gen paspò ak viza legal yo nan men yo. Sa ki terib la se paske imigrayson ak ministè travay dominiken siyen yon akò ki pemet ajan imigasyon yo antre nan etablisman prive yo pou al pran ayisyen kap travay yo epi li soumet met travay la amand ki soti nan 50.000 pesos (US$ 1250) pou chak imigran ki pa gen rezidans li genyen lakay li. Kidonk bagay sa a fe tout biznis ap revoke tout ayisyen ki gen paspo ak viza kap travay nan teritwa a.

E POU ETIDYAN AN YO MENM?

Pou etidyan ki te gentan nan inivèsite deja nan peyi a, yap gen pou yo al fè yon kat imigrasyon ki pral pèmèt yo sikile nan peyi a. Kat sa ap koute 9500 peso (US$ 240). Men se pa sa selman ki pwoblem nan, se paske pou ou gen kat sa a ou dwe genyen yon GARANTI EKONOMIK ke paran ou dwe voye pou ou ki demontre ke ou gen mwayen pou peye etid la.  Pou etidyan an kap fek antre nan inivesite yo, li mande yo pou genyen yon lane ki koute (US$ 225) pou ou ka enskri nan inivesite a, apre sa li oblijew pou ou fè depans nan regle papye pou ou ka mande viza etidyan ke ou dwe ale Ayiti ankò pou ou al metel kap koutew (US$ 150) , epi pou ou genyen yon kat imigrasyon pou 9500 peso (US$ 240). apre sa chak ane pou ou renouvel viza etidyan an ak kat imigrasyon an kap koute ou anviwon (US$ 200). Depi ou pa fe sa wap tj gen pwoblem ak imigrasyon menm le ou nan inivesite a epi ou pap ka enskri nan lot sesyon an..

KISA SA A VLE DI?

Sa a vle di kounye a, le yon moun ap kouri soti Ayiti vini nan sendomeng se pi mal wap vin pi mal paske ou pap ka menm travay, ou pap ka al vann nan lari pase yap kouri dèyè ou. Yon moun ki deside vin chache lavi miyò epi se SENDOMENG ou vini, ou pa nan ayen ki bon paske wap vin viv pi mal epi ak anpil strès nan kow. Tanpri, tout sila yo ki vle vin isit pou yo fe nen pot travay nan tè panyol, analize tout pwoblem sila yo pou nou ka pran desizyon an byen.

Pou etidyan yo menm, apre nou fin pedi tan nou regle bagay nou, nou pral toujou nan pwoblem ak imigrasyon paske nou pral genyen poun toujou ap bay kob epi mete sou diskriminasyon ki egziste anndan inivesite yo ak nan peyi a.

POU TOUT AYISYEN

Nou menm ki li mesaj sa a, ki konnen kounye a koman sitiyasyon an ye pa bo isit oswa ki te viv yon tan nan tè panyòl TANPRI FÈ MESAJ SA A PASE, PATAJEL, EMPRIMEL, PIBLIYEL epi fè tout moun ki anvi vini Sendomeng jwenn li anvan li pran desizyon an. PA KITE PYÈS MOUN KOMÈT YON ÈRÈ SAN LI PAT AVETI..
REPIBLIK DOMINIKEN PA YON REFIJ POU AYISYEN, MEN PITO LI SE YON LANFÈ.

 

Dave Jeffrey Augustin.

augdav@hotmail.com

@DaveJAugustin

Share Button

Comments

comments

Powered by Facebook Comments

Updated: October 29, 2013 — 2:31 AM

Popular Posts

Radio Bagay 9 © 2013 by (239)265-2832